EFEMERID 10 OKTÒB 2026 PLAN LOKAL
EFEMERID 10 OKTÒB 2026
PLAN LOKAL
10 oktòb 1806, arestasyon François Capois, alyas Capois-La-Mort.
François Capois, youn nan gwo ewo Lagè Endepandans Ayiti a, te arete nan zòn Limonade, nan Nò peyi a, nan yon peryòd gwo tansyon politik ki te genyen apre endepandans lan. Li te tonbe nan yon anbiskad moun ki tap konplote kont Anperè Jean-Jacques Dessalines te òganize. Yo te metel nan prizon, epi yo te asasinenl 19 oktòb 1806, 2 jou apre asasina Dessalines.
Capois-La-Mort te antre nan listwa pou kouraj li pandan batay pou endepandans lan. Non li rete asosye ak batay Vètyè a, ki te jwe yon wòl desizif nan viktwa lame endijèn nan kont twoup fransè yo an 1803.
10 oktòb 1816, Alexandre Pétion prete sèman sou Konstitisyon an.
Nan dat 9 oktòb 1816, Sena a te nonmen Alexandre Pétion prezidan Repiblik la pou lavi. Nan demen, 10 oktòb, li te prete sèman pou respekte Konstitisyon 1816 la, ki te pibliye kèk mwa anvan sa.
Pétion tap dirije pati lwès ak pati sid peyi a. Desizyon sa a make yon etap enpòtan nan evolisyon enstitisyon politik Repiblik Ayiti a apre lanmò Dessalines ak divizyon politik ki te genyen nan peyi a.
PLAN ENTÈNASYONAL
10 oktòb 1780, yon siklòn devastatè nan Karayib la.
Nan mwa oktòb 1780, yon siklòn ekstrèmman vyolan te ravaje plizyè zile nan Karayib la. Evènman sa a antre nan listwa kòm youn nan siklòn ki pi mòtèl rejyon an te konnen. Daprè estimasyon istorik yo, bilan an te rive nan plizyè dizèn milye moun mouri. Katastwòf sa a rete yon rapèl sou gwo konsekans fenomèn natirèl yo kapab genyen sou popilasyon an.
10 oktòb 1845, kreyasyon Akademi Naval Etazini.
Nan dat sa a, Akademi Naval Etazini an te etabli nan Annapolis, nan eta Maryland. Premye pwomosyon an te gen 50 etidyan. Enstitisyon sa a vin jwe yon wòl enpòtan nan fòmasyon ofisye marin militè ameriken an.
10 oktòb 1868, kòmansman lagè endepandans Kiba.
Carlos Manuel de Céspedes te lanse yon mouvman ensireksyon kont dominasyon panyòl nan Kiba. Evènman sa a make kòmansman Gè Dis Ane a, ki te dire jiska 1878. Se te youn nan gwo etap nan lit pèp kiben an pou libète ak endepandans li.
10 oktòb 1911, kòmansman soulèvman Wuchang nan peyi Lachin.
Nan dat sa a, revolisyonè chinwa yo te lanse yon soulèvman ki te kontribye nan febli dinasti Qing lan. Mouvman revolisyonè a te mennen nan fen monachi enperyal la epi li te louvri chemen pou etablisman Repiblik Lachin nan an 1912.
10 oktòb 1935, premye prezantasyon opera Porgy and Bess sou Broadway.
Opera konpozitè ameriken George Gershwin te kreye a te premye prezante sou sèn Broadway, nan vil Nouyòk. Pwodiksyon sa a te make listwa teyat mizikal ameriken an, sitou paske li te mete yon gwoup atis nwa nan sant yon gwo pwodiksyon teyat.
10 oktòb 1964, ouvèti Je Olenmpik ete yo nan Tokyo, Japon.
Japon te òganize seremoni ouvèti Je Olenmpik ete 1964 yo nan Tokyo. Se te premye fwa yon vil nan Azi te resevwa Je Olenmpik ete yo. Evènman sa a te montre kapasite Japon pou òganize yon gwo konpetisyon entènasyonal epi li te make yon etap enpòtan nan istwa espò mondyal la.
10 oktòb 1967, Trete sou espas eksteryè a antre an vigè.
Trete entènasyonal sou eksplorasyon ak itilizasyon espas eksteryè a te antre an vigè nan dat sa a. Li tabli prensip ki gouvène aktivite peyi yo nan espas. Pami prensip enpòtan yo, trete a prevwa pou peyi yo pa reklame espas eksteryè oswa kò selès yo kòm pwopriyete nasyonal, epi li entèdi mete zam nikleyè oswa lòt zam destriksyon masiv nan òbit Latè.
10 oktòb 1970, endepandans Fidji.
Fidji, yon peyi zile ki sitiye nan Oseyan Pasifik la, te pran endepandans anba dominasyon Wayòm Ini. Ratu Sir Kamisese Mara te vin premye Premye Minis peyi a. Dat sa a rete yon gwo moman nan istwa politik ak nasyonal Fidji.
10 oktòb 1973, demisyon Vis Prezidan ameriken Spiro Agnew.
Spiro T. Agnew, ki te Vis Prezidan Etazini sou administrasyon Prezidan Richard Nixon, te demisyone nan fonksyon li. Dosye jidisyè a te gen rapò ak akizasyon koripsyon ak yon deklarasyon li te fè kote li pa t konteste yon akizasyon evazyon taks federal. Demisyon li te youn nan gwo evènman politik ki te make Etazini anvan demisyon Nixon an an 1974.
JOUNEN MONDYAL SANTE MANTAL
Chak 10 oktòb, kominote entènasyonal la make Jounen Mondyal Sante Mantal la. Se yon okazyon pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans sante mantal, pou ankouraje prevansyon, pou konbat prejije ak diskriminasyon, epi pou defann aksè ak sèvis swen pou moun ki bezwen sipò.
Chak moun gen dwa jwenn enfòmasyon, respè ak akonpayman apwopriye nan kesyon sante mantal.
Se te efemerid 10 oktòb la, yon ribrik Radio Présence 106.5 FM, pou ede nou konnen, konprann epi transmèt memwa istorik la bay jenerasyon kap vini yo.
PRÉSENCE FM 106.5, L’EXEMPLE DE LA BANDE FM
MÈSI POU FIDELITE NOU AK RADIO PRÉSENCE!
SIW POKO ABÒNE ,FÈ SA KOUNYA POUW KA RETE KONEKTE AK NOU.

Aucun commentaire:
Laisser un commentaire