Ki moun Tissina Coriolan te ye?
Ki moun Tissina Coriolan te ye?
Dapre istwa e rechèch nou fè nan radio Présence Fm, Tissina Coriolan te pitit fi Lamartine Coriolan. Li te rete Léogâne e li te eritye byen papa li.
Yo rakonte tou, nan moman maryaj li an 1876, li te pran anpil depans sou kont li: preparasyon maryaj la, rad mari li, rad fanmi mari li ak resepsyon an. Istwa sa a prezante li kòm yon fanm ki te gen mwayen epi ki te konn depanse pou ede lòt moun ak okipe gason.
Ki rapò istwa li genyen ak ekspresyon « Tissina » a?
Dapre vèsyon sa a nan tradisyon popilè a, non Tissina ta vin sèvi kòm yon ekspresyon nan langaj chak jou pou pale de yon fanm ki depanse anpil lajan pou yon gason oswa pou fanmi gason sa a.
MEN KOTE MO TI SINA (ou Tissina) A SOTI, LE YON FANM AP DEPANSE POU GASON AK FANMI GASON.
Listwa rapòte ke Tissina Coriolan se te yon bèl grenn marabou ki te moun Léogane. Li te eritye tout byen papa l, Lamartine Coriolan, kite pi grannèg nan zòn lan (e kite gen yon sèl pitit, yon pitit fiy). Tissina te renmen fè lacharite anpil e tout moun nan Leogane ak lòt zòn ki antoure l yo te renmen l anpil pou sa. Sanble se depi lontan lè wap bay ou gen anpil zanmi.
Lè Tissina tap marye, en 1876, li te asime tout responsabilite l poukont li. Li te fè tout depans yo poukont li pou l te prepare maryaj li ak mari l e sete yon maryaj dyak sou dyak moun pat janm wè avan tèlman te gen banbòch.
Li bati kay la (yon gwo michan vila), li fè 3 jou recepsyon, li peye monpè pou ceremoni an. Li achte kostim mari li. Lite menm bay fanmi mari a lajan pou achte bèl rad pou nòs la.
Se aksyon Tissina sa a ki kòz kounyè a fanm pa depanse pou gazon ankò pou zanmi yo pa rele yo Ti Sina. Mo « ti » a fè moun konprann sete yon fanm ki pat anyen, ki pat ka jwenn, ki tap achte gason. Nou twonpe nou, mesyedam, se non fanm jenerèz sa a kite rele konsa: TISSINA.
Pochèn fwa yo di w se Tissina w ye se paske wap ede moun, lè konsa ou dwe santi w fyè.
Radio Présence Fm 106.5 Jérémie ekri pa Eudes Clermont.

Aucun commentaire:
Laisser un commentaire