DEPÒTASYON | KÈK AYISYEN YO RAPATRIYE SOTI ETAZINI TA AP DÒMI NAN LARI OKAP
DEPÒTASYON | KÈK AYISYEN YO RAPATRIYE SOTI ETAZINI TA AP DÒMI NAN LARI OKAP
Malgre yo ta resevwa 25 000 goud chak kòm asistans, gen kèk Ayisyen ki depòte soti Etazini ki ta twouve yo nan lari Okap, paske yo pa gen fanmi ni pwòch ki kapab ba yo yon ti kote pou yo dòmi. Se sa kèk medya lokal rapòte.
Jou ki te jedi 8 oktòb 2026 la, 72 sitwayen ayisyen te retounen nan peyi a atravè yon vòl rapatriman. Gwoup la te gen ladan li 62 gason ak 10 fanm. Se te uityèm vòl depòtasyon ki fèt anba administrasyon Prezidan ameriken Donald Trump.
Pou fasilite retou yo, Biwo Nasyonal Migrasyon (ONM) ak lòt enstitisyon te mete divès sèvis disponib pou migran yo, tankou distribisyon manje, swen medikal, akonpayman sikolojik ak asistans pou transpò. Sepandan, difikilte kèk nan moun sa yo ta ap rankontre pou jwenn kote pou yo rete mete aksan sou defi ki genyen nan resepsyon ak reyentegrasyon Ayisyen yo depòte soti aletranje.
Radio Présence ap kontinye enfòme piblik la sou kesyon migrasyon an ak sitiyasyon sitwayen ayisyen ki retounen nan peyi a.
Jounalis : GUILLAUME Makendy
Sous : Medya lokal

Aucun commentaire:
Laisser un commentaire