FLASH INFO | GANG 400 MAWOZO, ONU IDANTIFYE MINISYON KI GEN LYEN AK LAME AK POLIS DOMINIKEN AN NAN MEN GANG LAN
FLASH INFO | GANG 400 MAWOZO, ONU IDANTIFYE MINISYON KI GEN LYEN AK LAME AK POLIS DOMINIKEN AN NAN MEN GANG LAN
Yon ankèt Panel Ekspè Nasyonzini sou Ayiti revele gen minisyon ki te jwenn nan men gang ayisyen 400 Mawozo ki gen mak ki asosye ak Lame ak Polis Nasyonal Repiblik Dominikèn. Se sa jounal dominiken Diario Libre rapòte nan yon atik li pibliye 8 oktòb 2026.
Daprè enfòmasyon jounal la pibliye yo, ekspè Nasyonzini yo te analize 89 katouch kalib 5.56 milimèt ki te asosye ak gwoup ame 400 Mawozo. Nan echantiyon sa a, 25 katouch te pote mak “ERD”, ki vle di Lame Repiblik Dominikèn, pandan 16 lòt te gen mak ki konpatib ak minisyon ki ta soti nan rezèv Polis Nasyonal dominiken an. Sa vle di 41 sou 89 katouch yo te gen youn nan de lyen sa yo ak Repiblik Dominikèn.
Rapò a presize otorite dominiken yo te fè konnen yo te achte minisyon ki make “ERD” yo nan men yon fabrikatè Kolonbyen an 2022. Dokiman an raple tou, nan mwa desanm 2025, yon ofisye lame dominiken te arete nan San Juan de la Maguana ansanm ak yon sitwayen ayisyen, pandan yo tap transpòte 1 516 katouch sou yon motosiklèt. Daprè Nasyonzini, dosye jidisyè sa a te toujou ankou lè yo tap prepare rapò a.
Nan yon lòt pati rapò a, Panel Ekspè Nasyonzini an fè referans ak yon ankèt anvan, ki te revele otorite dominiken yo te dekouvri yon mank 908 001 atik nan depo Polis Nasyonal peyi a, sitou minisyon. Enfòmasyon sa yo soulve kesyon sou kontwòl ak sikilasyon zam ak minisyon nan rejyon an, pandan gang ame yo kontinye reprezante yon gwo defi pou sekirite an Ayiti.
Journaliste : GUILLAUME Makendy
Radio Présence FM

Aucun commentaire:
Laisser un commentaire