Jérémie, Haïti / Information & radio
À proposContact
RADIO PRÉSENSE FM 106.5Jérémie, Haïti · L’exemple de l’a bande Fm
● RADIO EN DIRECTRadio Présence FmVotre radio à Jérémie, Haïti
À LA UNEToute l’actualité sur Radio Présence Fm

L’actualité en détail

GRENADYE YO KONNEN ADVÈSÈ YO POU KADEFINAL LIG NASYON AN.

octobre 30, 2026 ·

 

GRENADYE YO KONNEN ADVÈSÈ YO POU KADEFINAL LIG NASYON AN.
Seleksyon nasyonal Ayiti a konnen kounye a advèsè li nan kadefinal Lig Nasyon Concacaf la. Grenadye yo pral fè fas ak seleksyon Etazini, nan yon gwo konfwontasyon ki pral deside kiyès ki pral jwenn tikè pou demi-final konpetisyon an.
Pou Grenadye yo, se yon gwo defi ki devan yo. Ayiti pral bezwen bay yon pèfòmans solid sou 2 match yo pou kapab pran avantaj sou Etazini epi kontinye wout li nan konpetisyon an.
14 Novanm 2026, Ayiti ap resevwa Etazini pou match ale a. Grenadye yo ap gen avantaj teren lakay yo pou premye pati konfwontasyon an.
17 Novanm 2026, match retou a ap dewoule Ozetazini, nan Cincinnati, Ohio. Se la Ayiti ap chèche konfime yon bon rezilta pou jwenn plas li nan demi-final la.
2 match sa yo pral gen anpil enpòtans pou seleksyon ayisyen an. Chak gòl, chak pwen ak chak detay kapab jwe yon wòl enpòtan nan desizyon final la.
Pou fanatik foutbòl ayisyen yo, randevou a deja fikse:
🇭🇹 AYITI VS ETazini 🇺🇸 14 NOVANM 2026 Match ale, Ayiti
🇺🇸 ETazini VS AYITI 🇭🇹 17 NOVANM 2026 Match retou, Cincinnati, Ohio
Grenadye yo gen yon objektif devan yo, jwenn plas yo nan demi-final Lig Nasyon Concacaf la.

RADIO PRÉSENCE 106.5 FM

Aucun commentaire: